Literati

Yon kout je sou endijenis

Literati se yon glas ki montre reflè lide ak santiman yon pèp. Kidonk, definisyon sa pèmèt nou wè lèkti ak tout lòt mwayen pou konsome travay literè, tankou yon wout, pou n rive dekouvri nanm, rasin yon sosyete.

Peyi dayiti tankou anpil lòt gen pwòp literati l. Li ofisyèlman koumanse depi 1804, men kòm se lide ak santiman ki fè l, li pa sispann evolye tou. Se sa ki fè, gran tèt nan domèn nan (sa nou rele maton* yo) divize l epi nonmen chak peryòd yo. Pa egzanp, nou konte : pseudo classicisme, l’école de 1836, l’épanouissement du romantisme, génération de la ronde, indigénisme, elt. Tout kouran sa yo trennen yon kokennchenn bèl lide men sila ki plis enterese n nan, se « indigénisme »lan.

Andedan konsèp sa, nou kapab wè endijèn, sa ki vle di moun ki a lorijin de sa nou reprezante jounen jodi. Anfèt, se yon kouran nan literati lakay nou ki bay kilti nou, rasin nou, koulè po nou, valè li merite nan pwòp je nou ak je lòt tou. Ofisyèlman, li tanmen nan lane 1927 apre piblikasyon gwo liv etnològ Jean Price Mars la ki se « ainsi parla l’oncle ». Men fòk nou presize, anvan sa, gen lòt ekriven tankou powèt Carl Brouard, Emile Roumer ki te gentan ap pouse lide yo monte nan yon jounal yo te nonmen endijèn « revue indigène ».

Kisa ki mennen endijenis lan menm ?

Nan lane 1915, blan meriken te debake nan peyi a pou te okipe l akoz pwoblèm politik nou pa t janm rive solisyone yo. Lè sa, pyès fòs piblik pa t gen kouraj ak pisans pou te reziste kont anvayisman sila. Pita, kòm konsekans, solda tonton sam yo te pran kontwol lavi n ak administrasyon leta a. Nan fè kòve, peyizan yo te tonbe. Kanta vil yo menm, moun yo te kòmanse pèdi tèt yo nan viv tankou ti blan. Enben, konpòtman sa te revòlte ekriven nan tan an. Yo pa te kapab pran zam menm jan ak kako yo, men yo te koumanse voye toya nan sa ki t ap di, ekri nan jounal ak liv yo. Se konsa mouvman endijenis la te parèt. Yon lòt fason pou te denonse epi envite pèp ayisyen an pran chimen rasin li, chante kilti lakou li, rete li menm.

Jan sa te di nan liy anwo yo, te gen bon de twa moun dèyè mouvman sila. Nou vle site Jean Price Mars, Jacques Roumain, Emile Roumer, Carl bouard.

  • Jean Price Mars rete yonn nan pi gwo entelektyèl peyi Dayiti. Li se yon doktè, etnològ, politisyen, diplomat. Se yonn nan manm fondatè biwo nasyonal etnoloji. Nan lane 1927, li te pibliye « ainsi parla l’oncle » ki se yon travay entelektyèl sou rasin afriken nou, keseswa nan fason moun andeyò vil yo òganize yo, manje, bay blag epi travay tou.
  • Jacques roumain se yon lòt gwo bout nèg lespri, ekriven, politisyen peryòd la t konnen tou. Dayè, li se fondatè premye pati kominis peyi dayiti te konnen ak biwo nasyonal etnoloji tou. Li pibliye liv pwezi, woman tankou liv lasyans. Men sila ki bay li tout popilarite sa ( apre angajman politik li yo) se woman « mèt lawouze » a. Listwa dewoule fon wouj. Anplis pwoblèm anviwònman kominote a te gen, pwoblèm kwayans tou, divizyon te vim met pye. Tèl klan pa zanmi tèl klan. Moun yo pa janm kapab depase nan panse yo limit reyalite lavi yo jiskaske Mannwèl te soti peyi KIBA vin mete men nan pat la. Malerezman, travay pou chanjman mantalite sa te koute l lavi l. Nan liv sa, Mannwèl se senbòl lanmou, travay ak kouraj. Li te kwè nan lanmou ak lavni. Lè pou l te pran responsabilite l, li pa t akize pyès moun.
  • Emile Roumer ak Carl Brouard se te de gwo powèt. Yo te pran gwo angajman nan jounal endijèn nan. Tèks yo te pibliye yo te plis vire sou okipasyon blan meriken an, bèlte fanm ak peyizaj lakay. Nou k sonje Tam-Tam, Marabout de mon cœur, Vous, Hymne à Erzulie elt.

Ti prezantasyon sa pèmèt nou sonje koman mouvman endijinis la te deklanche pa bò isit tou – paske peyi nan « amerique latine » nan te konnen you mouvman konsa – epi kèk moun ki te rann li vivan tou. Nou p ap kouri di se sa ki te pouse do blan yo men batay ak plim sa te gen tout enpòtans li nan tan an.

Konnya, nou rive nan pati kote nou dwe kesyone listwa.

Si menm apre blan meriken te fin kite peyi a, moun yo te kontinye benyen nan konplèks yo, sa vle di travay la te manke yon kichòy. Rezon an senp. Lè n ap konsidere baz lòt kouran yo ki vin apre endijenis lan, nou remake yo pa te tèlman diferan. Kidonk revandikasyon yo te rete menm. Pa egzanp, kanpay kont sipèstisyon nan lane 1941 ta dwe yon souflèt pou ekriven sa yo. Dezyèmman,lè n ap konsidere siksè « Gouvènè mèt lawouze, », enpòtans “Ainsi parla l’oncle” ak “Vocation de l’élite” nan milye entelektyèl aloske vrè konsène yo te toujou nan fè nwa paske yo pa t konn li alewè pou ta konprann, nou oblije poze kesyon. Jiskaprezan, peyizan an poko pran konesans de woman peyizan yo ( si n ap egzajere).

Plume de paon