Literati

Nan chodyè listwa


Nan lane 1946, yon kokennchenn evennman politik ta pral make listwa peyi nou. Maton nan domèn nan ba li pote non ” Cinq Glorieuses”. Se yon mouvman revandikasyon ki te tanmen jou ki te sèt (7) janvye menm lane a pou t al bout onz (11) janvye. Youn nan pi gwo konsekans mouvman sila, se pouvwa mouche Elie Lescot, prezidan nan epòk la, ki ta pral tonbe fas ba. Youn nan pi gwo revandikasyon ki te gen kont rejim nan, se favorize li te konn ap favorize yon kategori moun sou baz koulè po.

Tankou pi fò mouvman ki gen gwo konsekans politik, sila a pat rete li fèt pou kont li. Te gen yon gwoup jèn gason ak jèvrin yo sou yo ki te chwazi pran responsabilite yo fas ak pwoblèm peyi yo. Moun ki travay sou istwa literati idantifye gwoup sila sou non ” La Ruche”. Pami manm li yo, nou kapab site : Jacques Stephen Alexis , Gerald Bloncourt , Gérard Chenet , René Depestre. Nou ret kwè li nesesè pou n souliye youn nan zak ki ta pral make kòmansman soulèvman an, ki se lè pouvwa a ta pral sezi premye nimewo jounal ki te pote menm non ak gwoup jenn yo te met sou pye a. San pran tan, yon modòd grèv te lanse nan Pòtoprens pou kòmanse e plizyè lòt vil ta pral suiv li. Jou ki ta pral fè  senkyèm jou mouvman an, pouvwa a glise epi Lescot tou tonbe.

Lajenès epòk la te rive jwenn premye rezilta li tap chèche a. Yo te rekòlte sa kouraj yo te simen. Men sa pat rete la, lavi politik peyi a pa t kanpe apre Lescot te fin ale. Listwa aprann nou : premye jou ki suiv aboutisman yon mouvman pi enpòtan pase mouvman an li menm. Suivi k ta dwe fèt apre sa ta dwe gen plis enpòtans toujou. E se la nou panse gwoup jennbray ki te nan tèt lit sila te manke.

Trapde apre mouvman revandikasyon an fin lage pouvwa Lescot a fas ba, nesesite pou òganize lavi politik peyi a te kòmanse fè santi l chak jou pi plis. Li klè, fòk te gen yon aktè oubyen yon gwoup aktè ki te vle pran la mayòt e ki te pare pou sa.

Se nan lide sa menm prezidan Lescot te konvoke Jacques Stephen Alexis ak Georges Rigaud nan moman kote kriz la te pi mangonmen an. Se te pou gade kouman yo ta pral jere; sa n ka rele vid enstitisyonèl, ki ta pral vini lè Lescot ale. Okenn nan aktè politik sa yo (1) pat montre volonte pou mete men tout bon nan pat la, ni youn ni lòt pat sou jere pòs politik.

Se youn nan premye kote nou panse gwoup la fè erè.

Si w ka rive kapote yon pouvwa ki te konn ap pratike politik ” moun pa “, nou panse, pran pouvwa a pou eseye pwopoze epi enstitisyonalize yon lòt mòd fonksyònman nan Leta a, ta dwe premye opsyon an.

Rete ap gade pou kritike epi kapote senpman pap itil anyen si w pa janm mete w nan pozisyon pou w ap deside tou. Yon dirije ki pa kontan, men ki dakò fè vi l san l pa janm eseye vin dirijan yon fwa, se yon gwo iresponsab.

Pi lwen, se pa senpman yon mank responsabilite ki ka eksplike mòd konpòtman sa kay manm gwoup la.

Nou panse, diferans opinyon sou yon seri kesyon enpòtan ant manm nan ekip la te anpeche yon politik klè boujonnen nan mitan yo. Dinamik gwoup la nan politik mande pou gen antant sou yon seri kesyon kle nan mitan yon menm ekip, kapab toujou gen kontradiksyon men fòk yo pa fondamantal, sinon yo ka eklate nenpòt kilè e sa ka gen gwo konsekans sou lavi gwoup la. Eskonbrit ki te pete ant Jacques Stephen Alexis ak René Depestre la kapab kore sa nou sot di la. Bouch louvri ki te gen ant de kokennchenn ekriven sa yo, kote youn te rive ap atake lòt pèsonèlman nan atik youn ap ekri pou reponn lòt montre a klè gwoup la te manke gwoup (2).

Nou sonje kijan Jacques Stéphen Alexis mouri pandan l t ap eseye vin vide rejim François Duvalier a atè, san nou pa rete sou tantativ sila twòp, nou ka mande pouki kanmarad “La ruche” yo pat angaje yo bò kot mouche a nan yon inisyativ konsa, èske se paske yo pat konnen ? Ou byen yo pat vle ? Yon seri repons nou pap janm genyen.

Pi pre nou la, absans René Depestre nan komemorasyon swasannkenz lane evennman an isit pandan Gérald Bloncourt te la, ka montre sa tou. Pi grav ankò, silans mouche a sou lanmò Gérald Bloncourt, youn nan dènye manm gwoup la ki te vivan toujou, ranfòse lide ki ta vle fè kwè te manke solidarite nan mitan “kanmarad” yo.

Listwa itil anpil. Se pou sa n dwe egzamine l plis toujou lè n gen yon objektif pou n vanse. ” Cinq glorieuses” la, se te yon bèl mouvman (pou politik ak literati) ki ta dwe ede n angaje n plis toujou nan zafè politik peyi a. Se petèt paske jèn sa yo ki te nan tèt li a t ap di “mwen pa nan politik” tankou nou jounen jodi ki lakoz li pat abouti vre. Gen sa k te egzile apre, gen lòt ki pati pou peyi san chapo. Ki vle di mouvman an peri nan faz ki te pi enpòtan an. Faz pou jèn lidè sa yo te mete men pou te akòde pawòl ak aksyon yo.  Li  se yon kokennchenn mouvman nou dwe li, etidye epi konprann pi byen toujou pou ranfose matirite n nan zafè lit politik an ayiti.


1 - Prosper Avril, Vérités et révélations, L'armée d'Haïti Bourreau ou victime ?, Imprimerie le Natal S.A, 1997.

2 - Jean Florival, La face cachée de papa Doc, mémoire d'encrier, 2007.

Badio